Facilitating Meaningful Classroom Discussions (Creole)

Flash and JavaScript are required for this feature.

Download the video from Internet Archive.

Donk, kalte klas sa a, sou lang kreyòl epi idantite nan Karayib, se yon klas ki baze sou etidyan k ap diskite.

Ou wè? Nou fè anpil deba antre nou.

Epi youn nan teknik ke nou itilize pou deba yo vreman bay bon rannman. M konn pran yon tèks, yon tèks k ap pale, pa egzanp, de ki sa ki “otantik”, ki sa ki yon “ekriven ki otantik”.

Pa egzanp, gen yon tèks ki trè selèb kote Chinua Achebe ap pale de ekriven afriken k ap ekri ann angle oubyen an franse — nan lang ewopeyen.

Epi gen Ngũgĩ wa Thiong'o k ap pale de ekriven afriken ki dwe ekri nan lang lokal afriken yo.

Donk, kesyon an se: Si ou se yon ekriven afriken, èske ou ka “otantik” si w ap ekri ann angle oubyen an franse? Donk, kòm nan klas la te gen timoun ki ispanik, ki latino, men, ki pa pale panyòl, gen timoun ki endyen, ki gen idantite endyen, men, ki pa pale okenn lang endyen — donk, kesyon an vin pou yo yon kesyon konkrè: Èske yo ka vreman latino si yo pa pale panyòl?

Èske yo ka vreman endyen si yo pa pale endi?

La, nou vin gen yon deba ki pa sèlman baze sou lide teyorik, sou tèks ki abstrè, men, ki baze sou vi timoun yo.

Ou wè? Donk, lè sa a, chak moun gen dwa bay yon repons ki baze, non sèlman sou teyori avèk analiz ke yo aprann nan liv yo, men tou, ki baze sou pwòp eksperyans pèsonèl pa yo.

Donk, kounye a pou w gen yon deba ki fèt byen nan kad sa a, fòk gen respè, e fòk youn fè lòt konfyans.

Ou pa ka ap prezante yon seri de lide ki pèsonèl si ou santi gen yon moun ki pral di: “Bon, lide pa w la pa bon.” Fòk gen dè deba ki fèt kote chak moun respekte lòt.

Epi kounye a nou ka sèvi avèk repons chak moun pou nou kreye yon analiz ki pi rich toujou.

Donk, lè kon sa, total la ap bokou pi gran ke pati endividyèl yo.

Donk, sa se yon eleman ki kle.

Lè w gen yon klas k ap fè deba, pou w kapab baze sou bon jan teyori, bon jan analiz, pran repons chak moun kounye a pou w vin kreye yon sòt de sentèz ki ba w yon richès ki pa t la anvan.

Donk, m kwè ke nan sans sa a klas la te byen reyisi.

Free Downloads

Video