Inspiration for the Course (Creole)

Flash and JavaScript are required for this feature.

Download the video from Internet Archive.

Youn nan rezon ki fè m anseye kou sa a sou lang kreyòl epi idantite nan Karayib, se paske nou t ap chache yon jan pou n fè lengwistik vin pli ouvè pou moun ki pa lengwis.

Donk, kòm mwen menm, mwen se yon Ayisyen e kòm mwen fè rechèch sou lang kreyòl, m t ap kalkile kouman nou ka sèvi ak lang kreyòl pou n ka rantre nan domèn ki pi laj, nan lengwistik, nan istorik diferan lang, nan kesyon devlòpman, kesyon edikasyon.

Donk, se kon sa ke nou vin kreye kou sa a.

Sa fè 10 an deja.

Donk, depi 10 an m ap anseye kou sa a.

Free Downloads

Video