Oral Presentations: Connecting Abstract Analyses to Lived Experiences (Creole)

Flash and JavaScript are required for this feature.

Download the video from Internet Archive.

Pou mwen, youn nan pi bèl pati nan klas la, se lè elèv yo t ap prezante diferan tèks ke yo li.

E la te gen yon defi. Paske trè souvan etidyan yo, sa yo vle fè, lè yo li yon tèks, yo panse ke yo sèlman bezwen rezime tèks la, pou yo di men sa yo te li.

Men, sa m te vle pou yo fè, m te vle pou yo pran sa yo li a, m te vle pou yo konekte l avèk vi pèsonèl yo. Pou yo konekte l avèk politik ke yo wè nan kominote yo, nan peyi yo epi pou yo fè yon kritik ki vreman konstriktif sou sa yo li a.

Donk, youn nan slogan ke m te sèvi avè l pou yo konprann sa m vle fè a, se yon slogan ki soti nan travay Paulo Freire avèk Donaldo Macedo.

Nan travay sa a, yo gen yon tèks ki rele: Kouman pou nou li yon tèks k ap ede nou li le monn. Donk, lide a se ke ou pa li yon tèks kòm tèks. Fòk ou li tèks la epi an menm tan fòk ou konekte sa w li a avèk sa w ap viv la. Donk sa w ap li a pral ede w viv pi byen, pral ede kominote w viv pi byen.

Donk, sa se te yon defi paske anpil ladan yo, o kòmansman, yo te yon ti jan kazwèl.

Yo pa t vle ouvè tèt yo, pataje pwoblèm pèsonèl yo, pataje pwoblèm politik.

Men, apre nou te vin etabli konfyans nan gwoup la, elèv yo te vreman vin alèz pou yo fè sa; pou yo pran sa yo li a e pou yo aplike l nan vi pèsonèl yo.

Epi, kounye a, pou yo pran vi pèsonèl yo, pwoblèm kominote yo, pou yo anrichi tèks la.

Donk, se te yon bèl eksperyans ke nou te fè ansanm nan klas sa a.

Free Downloads

Video