Unpacking Misconceptions about Creole Languages and Identities (Creole)

Flash and JavaScript are required for this feature.

Download the video from Internet Archive.

Etidyan yo, yo kòmanse kou a avèk yon seri prejije pa rapò ak lang kreyòl.

Men, se dè seri de prejije ke etidyan yo jwenn nan liv lengwistik, menm nan liv ke mwen menm, nan rechèch mwen, mwen kritike.

Pa egzanp, gen yon lide ki vreman popilè nan anpil liv lengwistik e menm pami anpil entèlektyèl, e menm entèlektyèl ayisyen, se lide ke yon lang kreyòl se yon lang ki se yon melanj (yon "ibrid") ki pa vreman menm jan avèk tout lòt lang.

Gen anpil moun, menm gran entèlektyèl ki ayisyen e ki pa ayisyen, ki panse ke lang kreyòl yo se pa vreman lang - se lang ki enferyè.

Gen, pa egzanp, Hénock Trouillot, gran istoryen, ki te ekri ke yon lang kreyòl pa ka sèvi nan lekòl.

Gen lòt moun, gran entèlektyèl, ki panse ke lang kreyòl se lang ki toujou an devlòpman, ki pa ko fin devlope nèt.

Ou wè? Men, an menm tan ke etidyan yo vini avèk lide sa yo nan kou a, genyen ladan yo, paske yo te enterese nan kou a, yo te deja fè yon ti rechèch, yo te deja konnen ke anpil nan lide sa yo se dè prejije ki soti nan istwa kolonyal lang kreyòl yo.

Paske yo konnen, pa egzanp, ann Ayiti, se dè lang ki te kreye nan yon kontèks kote ki te gen esklav, te gen blan ki te kolon.

Donk, atitid pa rapò avèk lang kreyòl yo se atitid ki konekte avèk yon istwa kolonyal.

Donk, men sa nou fè nan kou a pou n eseye fè timoun yo kite vye lide sa yo: Nou montre ke atitid ke nou genyen pa rapò ak lang kreyòl yo, yo trè sanble avèk atitid ke trè souvan nou genyen pa rapò avèk moun diferan ras.

Pa egzanp: prejije kont moun nwa. Nou montre ke, an fen d kont, pa gen okenn baz biyolojik pou n di moun ki nwa enferyè pa rapò ak moun ki blan.

Menm jan an tou, nan lengwistik, pa gen okenn rezònman syantifik ki ka montre ke lang kreyòl enferyè pa rapò ak lang ki pa kreyòl.

Epi sa nou fè, nou fè analiz mòfoloji, analiz sentaks ki montre ke, an fen d kont, devlòpman lang kreyòl yo a menm nivo avèk devlòpman lòt lang, kit se franse, kit se panyòl, kit se lang chinwa.

Donk, timoun yo, byen rapid, yo vin dekouvri ke gen yon pakèt vye lide ki soti sou lang kreyòl yo ki anrasine nan yon istwa kolonyal kote te gen mèt blan ki te vle kenbe esklav yo nan plas yo kòm "enferyè".

Donk, sa vin ede timoun yo vin, kounye a, fè yon ti bak sou lide sa yo pou yo konprann ke se dè lide ki reflete yerachi pouvwa.

Free Downloads

Video